Byenvini sou Platfòm Akademizik !
Akademizik se premye Platfòm edikasyon mizikal nan lang kreyòl ayisyen an !
« Prèske 40% timoun pa gen aksè a edikasyon nan yon lang yo konprann… »
(UNESCO, 2016)

« Timoun yo aprann pi byen lè premye lang ansèyman an se lang manman yo. »
(Benson, 2004 ; Bühmann e Trudell, 2007)

Dènye atik ki pibliye sou blòg Akademizik :

Biyografi Ludwig van Beethoven an kreyòl
Ane 2020 sa make souvni 250yèm anivèsè Ludwig van Beethoven, yon gran konpozitè alman trè remakab atravè gran peryòd istwa mizik klasik oksidantal la. Men, kijan istwa lavi gran mizisyen sa te ye? Platfòm Akademizik ap envite w li an kreyòl biyografi gran mizisyen klasik sa. Ludwig van Beethoven te fèt 16 ou 17 desanm… Lire la Suite →

Ejemoni fenomèn « fè wè » nan Rap Kreyòl : Kontaminasyon yon mouvman sosyal
Pou yon lòt definisyon Mouvman Rap Kreyòl Ayisyen an Rap Kreyòl se yon estil mizik ki prezante tèt li kòm yon mouvman sosyal, e ki ankre nan nanm jèn ayisyen yo, patikilyèman moun ki defavorize yo, ki pa gen okenn lòt mwayen pou fè tande vwa yo. Li se yon pati nan gwo fanmi nan… Lire la Suite →

Yon spektak klasik san parèy nan vil Okap avèk flitis Nannley
Samdi ki te 14 Novanm nan aprè midi, « Complexe Versailles », palè kilti lavil Okap, ansyen podyòm konkou « Génie Royal National », te akeyi nan lokal li yon gran spektak klasik san parèy. Spektak sa se te yon resital ke yon jèn flitis ayisyen ki pote non Jacques Nannley Duverly, t ap prezante pou l te selebre… Lire la Suite →