Yon rezònman sou modèl klasik edikasyon mizikal (Pati 2)

Pwofesè, poukisa mwen dwe aprann ak pratike ansyen mizik ?

Poukisa w ap anseye mizik klasik nan yon kote tankou Ayiti ? Poukisa w ta anseye mizik ki pa sòti nan kilti ayisyèn nan?

3- Langaj entènasyonal notasyon mizik

Yo te idantifye notasyon mizik nan ansyen tras ak twouvay akeyolojik grèk yo.

Foto 1: Ansyen notasyon grèk

Men yo pat vrèman konnen kijan yo li egzanp notasyon ke yo te dekouvri yo.

Yo te sèlman ka dechifre oswa dekode notasyon yon enstriman mizik ki rele « Lit » (Nan lang franse a : Luth). Men ansyen notasyon sa a pat byen transfere nan tan ki vin aprè yo.

Foto 2: Ansyen notasyon enstriman lit
Foto 3: Lit, yon enstriman mizik ki fè pati fanmi enstriman kòd

Sistèm notasyon aktyèl nou an ki ekri sou pòte a e ki te vin anfòm pandan fen epòk Renesans ak kòmansman epòk Baròk, se vrèman yon langaj entènasyonal. Vwayaje prèske nenpòt kote nan monn lan, epi wap jwenn : moun ki gen lang ou pa ka pale oswa konprann ak moun ki pa ka pale oswa konprann lang ou pale, men wap ka li menm patisyon mizik ki ekri epi jwe ak jwi menm eksperyans mizik.

Foto 4: Sistèm notasyon ki ekri sou pòte

Nou genyen apeprè 500 ane depi n ap ekri konpozisyon mizik yo epi dechifre yo ak sistèm notasyon sa a.

Metòd klasik edikasyon mizikal la kenbe langaj sa vivan epi ansante.

Yon parantèz osijè sòlfèj

Antretan, yonn nan enkonsistans ki deranje m nan dekode mizik nan divès peyi, se lè yo itilize non sòlfèj yo (Do, Re, Mi, Fa, Sòl, La, Si) olye non nòt yo (C, D, E, F, G, A, B) lè pou yo idantifye wotè son yo.

An reyalite, gen fason yo itilize sòlfèj nan pratik aktyèl la: Do fiks ak Do mobil.

Nan Do fiks la, nòt C a se toujou menm ak nòt Do a, epi D se Re… Nan Do mobil la, premye son oswa premye degre ki nan nenpòt echèl majè yo se Do. Dezyèm son an oswa dezyèm degre a se Re.

Avantaj Do mobil la twouve nan ansèyman lekti ak chante sou plas epi ak nan antrènman entèval nòt yo. Nan pratik Do mobil la, genyen menm relasyon son nan entèval Do ak Fa nan nenpòt ki echèl. Modèl entèval 4èm pafè sa a ka rete nan lespri nou jiskaske nou ka jwenn li oswa fè li nan nenpòt ki echèl. Men nan pratik Do fiks la, gen yon kantite limite nan echèl yo kote mizisyen an ka rankontre entèval Do ak Fa.

Se yon pratik ki trè efikas nan aprantisaj literati koral pou manm nan koral la panse an Do mobil. Atravè fòmasyon, manm koral yo pral kapab wè ak chante entèval nòt yo jisteman san èd enstriman mizik yo. Elèv k ap aprann mizik yo menm, aprann pozisyon entèval yo sou pòte a tankou Sòl – Mi, Do – Fa, epi tande entèval nòt yo nan lespri yo.

Nan anseye timoun yo, mwen pa janm sèvi ak metòd Do fiks la pou nonmen nòt yo. Mwen vle tabli yon diferans klè ant sans Do ak C. Pou evite tout konfizyon pou timoun nan (ak ranfòse konpetans li nan lekti sou plas) mwen vle ede sistèm sòlfèj la pou lekti sou plas ak antrènman entèval nòt yo. Mwen vle pou elèv la idantifye nòt C a tankou yon nòt fiks ki gen pou valè jeneralman 261.63 Hz. Epi mwen vle Do reprezante: kòmansman chak echèl majè yo, nòt ki pote non echèl la oswa rasin premye triyad yon echèl.

Se konsa, mwen ankouraje mizisyen ki ann Ayiti yo, pou yo aprann tou de sistèm yo byen. Prepare elèv yo pou yo aprann non nòt yo ki an lèt (C, D, E, F, G, A, B). Aprann sèvi oswa anseye Do mobil pou lekti sou plas ak chante entèval nòt yo egzak. Pratik sa pap sèlman anrichi eksperyans ou ann Ayiti men lap itil ou anpil lè wap li non akò yo ki enprime nan peyi Etazini osinon vwayaje nan yon lòt peyi kote yo itilize lèt yo (C, D, E, F, G, A, B) pou non nòt yo.

4- Konprann estil

Mizisyen pwofesyonèl adapte yo nan plizyè estil mizik diferan. Yon mizisyen ki byen fòme kapab genyen yon estil prefere oubyen jwe nan yon estil patikilye, men an menm tan tou, li kapab konprann e pèfòme divès estil mizik diferan. Mizisyen pa aprann jwe estil diferan sèlman atravè mizik prefere yo. An plis, estil mizik yo pa limite ak wòk, djaz, blouz, elatriye. Chak epòk nan istwa mizik genyen yon kantite de estil mizik adisyonèl.

5- Sekirite travay

Nan kèlkeswa domèn nou jwenn, moun nan ki gen plis fòmasyon ak eksperyans ap toujou gen plis avantaj nan « Mache travay » la. Toutotan sosyete a ap evolye, se konsa tou travay ki disponib yo ap evolye tou. Nou kapab reyalize ke gen nouvo travay kap envante tanzantan e genyen kap disparèt tou.

Lè yon moun limite nan fòmasyon ak eksperyans li, sa vin yon feblès ki anpeche l adapte ak nouvo egzijans ki genyen sou teren « Mache travay » la.

Modèl mizik klasik la kontribye nan baz edikasyon mizikal pou ede moun adapte nan monn nou an kap sibi anpil chanjman.

  • Otè : Stephen R. Dalrymple, pwofesè mizik, lisansye nan edikasyon mizikal: Biola College (USA), Metriz nan Divinite: Western Conservative Baptist Seminary (USA). Pwofesè Dalrymple vini ann Ayiti 10 fwa depi lane 2002 pou anseye mizik.
  • Vèsyon orijinal : Anglè
  • Tradiksyon : Maxiane Petit-Papa ak Rémy Junior Monexant

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l’aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Créez un site ou un blog sur WordPress.com

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :