Avan tou, kisa ki yon gam mizikal ?
Nan teyori mizik, yon gam se yon seri nòt mizik ki ranje ansanm yonn aprè lòt nan yon echèl oswa nan yon mòd.
Yon gam toujou karakterize avèk non premye nòt ki kòmanse l la epi ki tèmine nan yon oktav siperyè ou enferyè.
Genyen plizyè gam nan mizik. Ann fè yon ti kout je sou diferan gam sa yo :
1- Gam dyatonik
Konsèp « dyatonik » la soti nan yon vokab grèk : d i a t o n i k ó s, ki vle di deplasman atravè ton konsekitif.
Depi lane 1600, konsèp dyatonik lan te fè referans ak mizik ki konstwi nan yon gam ki genyen 7 nòt (Eptatonik) epi ki separe yonn ak lòt ak 5 Ton epi 2 Mwatye Ton.
Dyatonik majè – Mòd Yonyen |
C – D – E – F – G – A – B – C |
T • T • M • T • T • T • M |
Depi nan fen epòk Renesans pou rive nan epòk Womantis, mizik dyatonik te domine kilti mizikal oksidantal la.
Mizik ki konpoze nan gam dyatonik yo genyen plizyè bagay an komen :
- Akò yo baze sou triyad (Amoni Tertian)
- Liy bas yo suiv yon pwogresyon amonik sòti nan Dominant pou rive nan Tonik la.
- Nòt sansib la (7èm nòt gam majè ak minè) separe de Tonik la epi li lye ak Kadans Pafè (V-I).
- Yo itilize Pwen Pedal ki se yon nòt ki kenbe pou amonize plizyè akò.
- Genyen yon diferans klè ant son dyatonik yo ak son altere yo.
2- Gam Kwomatik
Konsèp « Kwomatik » la soti nan yon vokab grèk : c h r o m a, ki vle di koulè. Fonksyon tradisyonèl gam Kwomatik la se te pou bay koulè oswa anbeli mizik dyatonik yo.
Nan teyori mizik, gam Kwomatik la se yon gam dodekatonik, sa vle di ki genyen 12 nòt, ki separe yonn ak lòt ak Mwatye Ton sèlman.
Gam Kwomatik C | |
C-C#-D-D#-E-F-F#-G-G#-A-A#-B-C | |
Pandan peryòd Womantik la t ap pwogrese, konpozitè yo te vin oryante yo pi plis nan Kwomatis pou inovasyon. E finalman, gam Kwomatik la te vin domine sou Dyatonik la.
Piano Sonata [ Si Minè ] Alban Berg la se yon bèl egzanp zèv mizikal ki genyen mouvman Kwomatik ladan l. Li te soti nan lane 1911.
3- Gam Ton Antye / Ton konplè
Dezi kreyasyon ak inovasyon dirije konpozitè yo chèche lòt fòm gam pou yo konpoze mizik yo.
Gam Ton Antye a se yon gam ki genyen 6 nòt (Egzatonik), epi ki separe yonn ak lòt ak yon Ton.
Gam Ton Antye C | |
C – D – E – F# – G# – A# – B# | |
Se yon gam simetrik paske li genyen entèval yon Ton Antye ant chak nòt.
Karakteristik gam Ton Antye a oswa Ton Konplè a :
- Amonizasyon nan gam sa limite
- Pa gen okenn posibilite pou konstwi triyad majè ak minè.
- Transpozisyon trè limite nan gam sa.
- Absans Ton Dominan ki nan gam sa bay yon tonalite ki vag
Konpozitè Claude Debussy itilize gam sa nan yon zèv mizikal li ki rele : Reflets Dans L’eau (1905).
4- Gam Pentatonik
Gam Pentatonik yo se gam ki genyen 5 nòt.
Genyen gam Pentatonik Majè :
Gam Pentatonik Majè |
I – II – III – V – VI – I |
Epi tou, genyen gam Pentatonik Minè :
Gam Pentatonik Minè |
I – bIII – IV – V – bVII – I |
Gam Pentatonik yo gen yon istwa ki rich, ki ansyen epi ki sòti nan plizyè kilti tankou Sèltik, Afrik Lwès, Grèk, Amerendyen, Chinwa, Japonè… Yo te dekouvri nan divès kilti sa yo plizyè mizik pou timoun ki te konpoze ak gam Pentatonik yo.
Gam Pentatonik yo twouve yo nan mizik Debussy, Ravel, Bartók, Stravinsky, John Adams.
5- Gam Oktatonik
Gam Oktatonik la se yon gam ki genyen 8 nòt kote entèval yo altène ant Ton ak Mwatye Ton.
Gam Oktatonik Eb |
Eb -F -F# -G# -A -B -C -D -Eb |
Genyen sèlman 3 transpozisyon ki posib nan yon gam Oktatonik. Lè li itilize nan konpozisyon, gam Oktatonik la bay yon enpresyon bitonalite.
Nou jwenn itilizasyon gam Oktatonik nan enpwovizasyon « Jazz » epi lakay konpozitè 19yèm syèk yo tankou Rimsky-Korsakov, Moussorgski, Tchaïkovsky…
Referans
Dalrymple, D. S. (2018). Contemporary Classical Music – Composition Techniques. USA: Dalrymple Edition.
Tradiksyon ak aranjman : Rémy Junior Monexant

Si w renmen atik sa, kite komantè w nan bwat sa ki anba pou nou, epi pataje atik sa pou plis mizisyen ayisyen ka dekouvri konesans sa yo nan lang kreyòl la !
Akademizik
Se yon bèl travay nap fè nan lang kreyòl la wi, mwen deside swiv nou e apwann anpil bagay ki gen rapò ak mizik.
J’aimeAimé par 1 personne
Se yon bon travay nap fè, kenbe la!👍🏼
J’aimeAimé par 1 personne