Evolisyon Pyano

« Kreyasyon yon nouvo touch ak bèl son de Theodor Leschetizky »

Pyano te envante nan epòk lavi Bach. Premye Pyano yo te frajil. Premye mekanis yo nan enstriman sa pat fin kòdjòm. Oktav yo te limite nan pyano sa yo. Johann Sebastian Bach pa t twò enpresyone pou premye pyano yo li te eseye jwe pou plizyè rezon evidan.

Piano-forte nan lane 1720 de Bartolomeo Cristofori. Gallica – BnF


Teknoloji pyano yo te kòmanse amelyore grandman nan epòk Mozart ak Haydn. Yo te ajoute yon pedal ki te fonksyone ak yon jenou epi pyano a te vin genyen yon lòt oktav anplis. Pandan amelyorasyon yo t ap pwogrese, li te an reyalite posib pou touch yo repete pi vit, sa ki vin pèmèt pou jwe pasaj yo pi vit ak plis konsistans.
Amelyorasyon sa yo te pèmèt Beethoven jwe plis nan zèv mizikal li yo, sa ki pi dramatik yo pou pyano, menm lè li konn kase kòd pyano yo okazyonèlman nan konsè.

Piano-forte nan lane 1838. Metropolitan Museum CCO


Pyano te devni nòmal pandan peryòd Womantik nan 19yèm syèk. Amelyorasyon yo te estabilize pyano a nan yon estanda epi li te vin yon enstriman solo, olye ke yo te wè li kom yon enstriman prensipalman pou akonpayman. Amelyorasyon sa yo te enpòtan pou bay posibilite a kontribisyon Leschetizky nan pedagoji pyano.


Istwa enstriman ak klavye yo se yon paralèl entèresan ak peryòd yo ki nan istwa mizik.
Mekanis Klavsen an pa fasilite mizisyen an jwe touch yo ak nyans oswa yon dinamik varyab. Dwèt, men, ak presyon bra pa gen okenn efè sou entansite son yon Klavsen. Sèl fason pou chanje volim sou yon Klavsen se avèk kantite kòd ki frape sou klavye a.
[Natirèlman, se toujou menm bagay ki pou yon òg, pou jwenn chanjman volim, entèpret la dwe chanje anrejistreman an oswa itilize volim pedal la]. Klavsen yo te vin gen yon mekanis pou double nòt yo ak yon oktav siplemantè pou rive genyen plis volim.


Non « Pianoforte » a (Sa nou rele kounya Pyano) genyen kapasite pou li varye volim son yo nan presyon ki itilize ak dwèt epi ak men pèfòmè a.Haydn te ekri premye Sonat li yo pou Klavsen, men aprè li vin abandone Klavsen an pou pyano. Nan epòk Haydn, Mozart ak Beethoven, mizik te vin akeri vokab crescendo ak decrescendo.


[Remak: Mouvman crescendo ak decrescendo pa t klèman atikile epi nòmalize pou rive jouk nan peryòd Klasik nan istwa mizik.]


Peryòd Womantik la brize fòmalite ki te genyen nan kilti epòk Klasik la. Reflete sou amelyorasyon yo nan pyano a, peryòd Womantik la elaji vokabilè mizikal nan varyasyon dinamik yo epi yon pakèt vokab ajoute pou endike « Tempo ». Ekspresyon emosyon yo se te tandans prensipal Womantik yo. Rubato, accelerando, crecsendo se te plizyè vokab ki te itilize pou eksprime yon emosyon ki fò.


Chanjman teknolojik yo nan pyano womantik la te pèmèt konpozitè yo ak pèfòmè yo eksplwate divès ekspresyon santiman ke li kapab bay. Leschetizky t ap chache nan elèv li yo yon bote nan bon jan kalite sonorite ki pwodwi ak yon touch sansib. Bote sa a sanble ak tandans peryòd Womantik la nan 19yèm syèk la ki se ideyal ekspresyon emosyonèl.

  • Otè : Stephen R. Dalrymple, pwofesè mizik, lisansye nan edikasyon mizikal: Biola College (USA), Metriz nan Divinite: Western Conservative Baptist Seminary (USA). Pwofesè Dalrymple vini ann Ayiti 10 fwa depi lane 2002 pou anseye mizik.
  • Vèsyon orijinal : Anglè
  • Tradiktè : Rémy Junior Monexant

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l’aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Créez un site ou un blog sur WordPress.com

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :