Ejemoni fenomèn « fè wè » nan Rap Kreyòl : Kontaminasyon yon mouvman sosyal

Pou yon lòt definisyon Mouvman Rap Kreyòl Ayisyen an

Rap Kreyòl se yon estil mizik ki prezante tèt li kòm yon mouvman sosyal, e ki ankre nan nanm jèn ayisyen yo, patikilyèman moun ki defavorize yo, ki pa gen okenn lòt mwayen pou fè tande vwa yo. Li se yon pati nan gwo fanmi nan kilti « Hip-hop » ki se yon fenomèn kiltirèl ki karakterize jèn banlye yo (Hugues Bazin, 1993). Mouvman sa a parèt ann Ayiti pandan ane 1980 yo, prensipalman avèk Master Dji (George Lys Herard). Aprè yon vwayaj bwete, rap Kreyòl te eksploze apre lanmò plizyè rapè nan gwoup Barikad Crew (BC) nan mwa jen 2008.

An reyalite, rap la se te tankou yon medya pou pase divès revandikasyon mas defavorize a, sila ki san vwa yo. Youn nan lidè li yo te di: « Rap se CNN moun nwa a« . Sa eksplike fonksyon prensipal mouvman an, ki se rann temwayaj sou dominasyon sosyal yon gwoup nan popilasyon an sibi, epi senbolikman reyafime lejitimite plas li nan sosyete a. Nou te kapab li nan anpil tèks mo revolisyonè, mesaj chanjman oswa yon karikati kisa moun ki majinalize yo ap viv chak jou. Pou ilistre pwen nou an, nou ka konsidere mizik gwoup Barikad Crew, ki rele Nou di non, kote nou jwenn pawòl piman bouk sa yo:

Nou di non : peyi a pa pou vann
[…] Bouke ret tann otorite se pa nou yap defann Nou di non : manje pa janm desann […]

Pawòl sa yo se deklarasyon yon pèp ki santi yo fatige de inegalite sosyal, koripsyon, ak move gouvènans… Anplis de demann sa yo, rap kreyòl ayisyen an te chaje pou pote vwa jèn yo ki sòti nan geto ki pa janm sispann sibi prejije ak enjistis nan men otorite yo. Se nan sans sa a, gwoup NGS (Nouvelle generation Squad) la chante:


Non chèf, pa jije m pou stil mwen
Lè w kwaze m nan lari a banm respè tankou sitwayen

Pi lwen pase apwòch pwotestasyon sa yo, rap kreyòl la se yon estil lavi, sa vle di estil mizik la te marye ak yon fason pou abiye, pou konpòte oswa menm yon fason pou wè lavi a. Nan lòt mo, mouvman an te pote yon seri pratik. Rapè yo [pa egzanp] te mete gwo rad, epi yo [prèske tout] te gen mouchwa, senbòl, ki te kapab idantifye yo. Epi, manm mouvman an te konfòme yo ak modèl rapè ideyal la. Anplis, rap te marye ak lòt mòd espresyon, ki fè yo jwenn tou nan kilti hip-hop, tankou tag, grafiti, dans. Se konsa, nou te kapab jwenn rapè ki grafis, dansè…

Pandan plizyè ane, jan sa te ye tou nan metwopòl oksidantal, domèn kiltirèl la te temwen de yon separasyon ant mòd ekspresyon atistik yo.Se te tankou yon fòm divizyon travay, ki ta ka eksplike pa yon demann pou espesyalizasyon pratikan yo, oswa pa enfliyans lespri kapitalis la nan etik hip-hop la (Gérôme Guibert, 2000).


Nan etabli tèt li kòm wout ak vwa moun sosyete a bliye yo, (Jameson Primé, 2012) rap la pote yon seri avantaj; pafwa yo konsidere kèk revandiksayon rapè yo ; epi tou, nan goumen pou entegrasyon sosyal, gen yon seri rapè ki rive entegre tèt yo. Nou ka eksplike sa nan batay rapè yo ap mennen pou chache sa Axel Honneth rele rekonesans (2002). Si kèk rapè di yo pa kapitalis, rekonesans sosyal pral yon fason kanmenm ki pèmèt yo fè lajan. Nan yon lojik Veblenyèn, akimilasyon ak jwenn lajan yo se prèv siksè sosyal. Vrèman vre, rapè a « siksè » se yon modèl pou lòt moun ki nan pati anba nan echèl sosyal la. Se poutèt sa li kenbe montre nan ekspoze siksè yo.

Nouvo paradiy sa a pote yon estratifikasyon nan mouvman an: gen gwo rapè ak ti rapè an fonksyon de sa yo kapab affiche oubyen « fè wè ». Kilti « fè wè » sa a te favorize monte nan sektè a yon lòt gwoup atis ki gen orijin boujwa. Yon sitiyasyon ki enplike nan yon lagè frèt klas ak ideyoloji, kote tout moun ap eseye enpoze mòd yo, estil yo, valè yo, elatriye. Rival yo sèvi ak medya yo, ak tout mwayen pipolizasyon. Donk jounen jodi a, « afiche » oswa « fè wè » sanble yon fenomèn nan kè Mouvman Rap Kreyòl Ayisyen an.

Yon apwòch konsa parèt, nan yon premye koudèy, pou kontredi sa anpil nèg save te montre. Depi aparisyon kilti hip-hop, syans moun ak sosyal yo, patikilyèman sosyoloji, limen pwojektè pou eseye bay yon konpreyansyon, pou jenere yon analiz ki gen rapò ak fenomèn kiltirèl sa a. Dapre Anthony Pecqueux, rap se yon chan batay politik. Nan liv li a, The voice of rap (2007), li t ap eseye gade dimansyon politik tèks rap yo, atak rapè yo sou enstitisyon yo, e menm evokasyon politik ak moral diskou rapolojik la. Ang apwòch sa sanble ap domine nan chan etid sa. Sepandan, gen anpil, ki byen enpòtan nou pa ka inyore. Nou ka al gade nan etid Stéphanie Molinero a, Le public du rap (2010), ki konsantre sitou sou fanatik rap yo. Li enskri rechèch li a sou dimansyon likid, labil ak divèsifye nan estil la ak odyans li yo. Soti nan rechèch sa a, nou ka avanse postila: imansite disip yon mouvman ka pote anpil kapital. Kapital sa a souvan kontwole pa yon ti gwoup. Vrèman vre, Guibert Gérôme (2000) montre nou, aprè li te kristalize, ekonomi rap la te domine pa majò yo. Yon sitiyasyon konsa favorize yon kalite estratifikasyon, jan nou te di l la. Se konsa, majò yo, plis yo fò ekonomikman, plis yo vizib. Anplis, yo gen plis lajan pou yo fè wè. Sa ki vin bay koze afiche a – avèk èd lajan, kòm valè siprèm nan kilti hip-hop. An reyalite, travay nou se montre dominasyon fleyo sa a nan mouvman Rap Kreyòl Ayisyen an.

Pages: 1 2 3 4 5

Un commentaire sur “Ejemoni fenomèn « fè wè » nan Rap Kreyòl : Kontaminasyon yon mouvman sosyal

Ajouter un commentaire

Votre commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l’aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Créez un site ou un blog sur WordPress.com

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :