Ane 2020 sa make souvni 250yèm anivèsè Ludwig van Beethoven, yon gran konpozitè alman trè remakab atravè gran peryòd istwa mizik klasik oksidantal la. Men, kijan istwa lavi gran mizisyen sa te ye? Platfòm Akademizik ap envite w li an kreyòl biyografi gran mizisyen klasik sa. Ludwig van Beethoven te fèt 16 ou 17 desanm... Lire la Suite →
Yon spektak klasik san parèy nan vil Okap avèk flitis Nannley
Samdi ki te 14 Novanm nan aprè midi, « Complexe Versailles », palè kilti lavil Okap, ansyen podyòm konkou « Génie Royal National », te akeyi nan lokal li yon gran spektak klasik san parèy. Spektak sa se te yon resital ke yon jèn flitis ayisyen ki pote non Jacques Nannley Duverly, t ap prezante pou l te selebre... Lire la Suite →
Poukisa yon mizisyen dwe aprann li mizik?
Toupatou nan monn lan e ann Ayiti, lekòl mizik yo ak pwofesè mizik yo toujou mete anfaz sou aprantisaj lekti mizikal. Kourikoulòm yo itilize toujou baze sou akizisyon konpetans nan lekti mizikal. Sepandan, gen anpil mizisyen k ap pèfòme mizik men ki pa akeri konpetans sa. Vrèman vre, poukisa yon mizisyen ta dwe aprann li... Lire la Suite →
21 jen : Dat selebrasyon Fèt Mizik
Fèt Mizik se yon gwo kokennchenn evènman kiltirèl plizyè peyi nan monn lan selebre nan dat 21 jen, ki se jou ki pi long nan ane a pou Emisfè nò a. Fèt sa a te selebre pou premye fwa nan lane 1982, nan peyi Lafrans. Se te Jack Lang, minis Kilti peyi Lafrans (1981-1986/ 1988-1992)... Lire la Suite →
Lansman ofisyèl « akademizik.net »
Akademizik, ki se yon inisyativ tou nèf plizyè etidyan ak pwofesyonèl nan domèn mizik, ap pwofite de dat 21 jen 2020 an, ki se dat konvansyonèl Fèt mizik, pou lanse ofisyèlman yon platfòm dijital ki pral mete disponib nan lang kreyòl ayisyen an, divès enfòmasyon ak konesans sou mizik. Lide inisyativ sa tanmen depi nan... Lire la Suite →