Nosyon preliminè

Definisyon mizik:

Mizik se yon atizay de konbinezon plizyè son ki agreyab nan zòrèy nou. Atizay sa konpoze de 2 eleman fondamantal ki se: Rit mizikal ak Melodi.

Rit mizikal la deziyen varyasyon dire son yo ak silans ki nan mizik la alòske melodi a endike varyasyon wotè son yo youn aprè lòt.

Sous: Inisyasyon nan patrimwàn kiltirèl peyi Dayiti (2014) Volim I

Yon ti kout istwa:

Mizik egziste depi nan tan lontan, nan epòk premye sivilizasyon yo (Lejip, Izrayèl, Lachin, Lend, Lagrès….). Li se yon atizay ki vrèman laj paske li varye selon diferan kilti ak epòk istorik yo.

Depi nan tan lontan mizik te gen anpil enpòtans, e lezòm te konn itilize li pou divès bagay. Nou jwenn yo sèvi ak li nan seremoni relijye, nan rityèl maji pou enkantasyon, nan jaden lè gen konbit. Anplis de sa, nou jwenn yo itilize mizik anpil pou anmizman ak nan dans, pou divès kalte lòt seremoni, kanaval ak festival.

Yo sèvi ak mizik nan ansèyman ak aprantisaj timoun. Mizik sèvi tou nan swen ak nan tretman kèk maladi: pratik sa rele mizikoterapi.

Notasyon mizikal:

Mizik pa sèlman yon atizay son, li se yon langaj tou. Yon langaj ki fòme ak yon seri senbòl. Yo te envante senbòl sa yo depi nan tan lontan e senbòl sa yo te kòmanse evolye nan epòk Mwayen Aj. Senbòl sa yo te pèmèt yo ekri, konsève ak transmèt zèv mizikal yo pandan epòk istorik yo. Li enpòtan pou nou fè konnen ke, senbòl sa yo te gen yon gwo kokennchenn enpòtans atravè listwa, paske se te sèl mwayen ki te genyen nan tan lontan yo pou konsève mizik tradisyon oral yo, jouk « Thomas Alva Edison » rive envante nan lane 1877, aparèy ki ka anrejistre son.

Senbòl mizik yo:

Langaj mizik la konpoze de plizyè senbòl epi li eksplike pa yon teyori ki espesifik pou sistèm mizik yon kilti. Plizyè kilti mizikal nan monn lan sòti nan tradisyon oral men yo pa gen okenn teyori ki ekri. Sou platfòm sa, nou elabore e dekri teyori mizik oksidantal la. Se yon teyori ki trè devlope e ki sèvi anpil pou anseye mizik ann Ayiti.

Senbòl mizik yo deziyen wotè son yo, dire son ak dire silans yo. Genyen lòt senbòl tou ki endike entansite ak vitès son yo.

Senbòl ki konsène wotè son yo se:

1- Nòt yo

2- Pòte a

3- Kle yo

4- Alterasyon yo

5- Senbòl oktavyasyon

1- Nòt yo:

Nòt yo se plizyè senbòl, lèt ak silab ke yo itilize pou endike wotè son yo separeman. Genyen 7 nòt. Non nòt yo se:

1-Do / C

2-Re / D

3-Mi / E

4-Fa / F

5-Sòl / G

6-La / A

7-Si / B

2- Pòte a:

Mizik se yon langaj ki konpoze de plizyè senbòl. Senbòl mizik yo ekri sou sa ki rele: pòte. Pòte a konpoze de 5 liy orizontal ki paralèl yonn ak lòt, ak 4 entèliy ki se espas ki sitye ant liy yo. Se sou liy ak entèliy yon pòte yo ekri senbòl mizik yo.

Egzanp yon pòte

Sepandan, genyen lòt ti liy ki konn ajoute anba ak anwo pòte a pou ekri son ki pi ba ak son ki pi wo toujou. Yo rele yo: << Liy siplemantè >>.

3- Kle yo:

Kle yo se senbòl ki plase sou yon liy nan kòmansman yon pòte. Liy sa pote menm non ak kle ki plase sou li a.

Kle yo pèmèt nou ka detèmine non chak liy ak entèliy nan pòte a. Yo endike nan ki rejis yon mizik ekri: si se grav, medyòm, egi.

Genyen 3 kle :

1- Kle Sòl

Kle Sòl la toujou plase sou 2èm liy nan kòmansman pòte a. 2èm liy lan ap pote non « Sòl » tou.

2- Kle Fa

Kle Fa toujou plase sou 4èm liy nan kòmansman pòte a. 4èm liy lan pote non « Fa » tou.

3- Kle Do

Kle Do a konn plase sou 3èm liy nan kòmansman pòte a. Sepandan, sa ka rive yo deplase li pou mete li sou yon lòt liy ki sou pòte a. Sou nenpòt liy kle do a plase, liy sa ap toujou pote non « Do » tou.

4- Alterasyon:

Alterasyon yo se yon kalte senbòl ki ka modifye wotè son natirèl nòt yo. Genyen 3 senbòl alterasyon :

1- Dyèz

2- Bemòl

3- Natirèl (Beka)

1- Dyèz la se senbòl ki ogmante yon demi ton sou son natirèl yon nòt.
2- Bemòl la se senbòl ki diminye yon demi ton sou son natirèl yon nòt.
3- Natirèl (Beka) se senbòl ki anile efè dyèz la ak bemòl la sou yon nòt.

Antretan, li enpòtan pou konnen genyen 2 kalte alterasyon :

1- Alterasyon esansyèl:

Se senbòl dyèz oswa bemòl ki sitye nan kòmansman yon pòte, ant kle mizik la e chif endikatè yo. Senbòl sa yo afekte tout nòt konsène yo pandan dire yon mòso mizik.

Egzanp alterasyon esansyèl

Alterasyon esansyèl yo (Dyèz oswa Bemòl) reprezante amati yon mòso mizik, sa vle di yo endike nan ki gam yon mizik ekri e sipoze jwe.

2- Alterasyon aksidantèl:

Se senbòl Dyèz, Bemòl ak Beka (Natirèl) ki sitye imedyatman devan nòt li afekte a. Alterasyon sa yo twouve yo sanzatann nan yon mòso mizik e yo afekte tout nòt ki sou menm liy oswa menm entèliy ki nan yon mezi sèlman.

Egzanp alterasyon aksidantèl

5- Senbòl oktavyasyon:

Se yon kalte senbòl ki deziyen pou jwe plizyè nòt ki ekri sou pòte a, yon oktav pi wo oswa yon oktav pi ba. Senbòl sa yo pèmèt notasyon an parèt pi senp sou pòte a san sèvi ak twòp liy siplemantè.

Pou endike wotè son yo yon oktav pi wo, yo note: << 8va alta >>.

Pou endike wotè son yo yon oktav pi ba, yo note: << 8va bassa >>.

Aprè itilizasyon senbòl oktavyasyon pou yon fraz, pou endike wotè son nan oktav kote nòt yo ekri sou pòte a, yo note: << Loco >>.

Senbòl ki konsène dire son ak silans yo se:

1- Fòm nòt yo

2- Fòm silans yo

3- Senbòl ekstansyon yo

1- Fòm nòt yo:

Fòm nòt yo se plizyè senbòl ke yo itilize nan notasyon mizikal la pou endike dire son yo. Genyen 7 fòm nòt. Chak fòm nòt gen yon valè doub fòm nòt ki suiv li a. Egz.: Yon Wonn vo 2 Blanch, yon Blanch vo 2 Nwa…

2- Fòm silans yo:

Mizik pa genyen sèlman son. Li genyen silans tou. Silans yo se senbòl ki deziyen valè tan son an dwe sispann. Yo genyen senbòl ki reprezante dire tan yo pou ekri mizik. Genyen 7 fòm silans. Non fòm silans yo se:

Chak fòm silans gen yon valè 2 fwa plis ke fòm silans ki swiv li a. Kidonk yon Repo vo 2 Mwatye Repo, yon Mwatye Repo vo 2 fwa yon Ka Repo…Sependan valè dire sa yo kapab varye selon chif endikatè ki sitye nan kòmansman pòte a. Yon Repo vo 4 tan lè chif endikatè yo se 4/4 oswa C.

3- Senbòl ekstansyon yo:

Li enpòtan pou nou note ke genyen lòt senbòl ki kapab afekte dire fòm nòt ak fòm silans yo. Senbòl sa yo rele :  » Senbòl ekstansyon « .

Yo rann valè tan oswa dire fòm nòt ak fòm silans yo pi long. Pami senbòl sa yo, genyen :

1- Pwen Ogmantasyon

2- Doub Pwen

3- Lyezon

4- Pwen Òg

5- Pwen Repo

1- Pwen Ogmantasyon:

Se yon senbòl ekstansyon ki tankou yon mwen ( . ), ki ka sitye aprè fòm nòt ak fòm silans yo. Pwen Ogmantasyon an vo mwatye valè fòm nòt oswa fòm silans ki sitye avan l.

Premye egzanp : Yon Blan deja vo 2 tan. Pwen sa ki suiv Blan an, ki se Pwen Ogmantasyon an, vo mwatye valè tan Blan an genyen. Kidonk, yon Blan ak yon Pwen Ogmantasyon egal 3 tan. Dezyèm egzanp :Yon Nwa deja vo 1 tan. Pwen sa ki suiv Nwa a, ki se Pwen Ogmantasyon an, vo mwatye valè tan Nwa a genyen. Kidonk, yon Nwa ak yon Pwen Ogmantasyon egal 1 tan 1/2.

2- Doub Pwen:

Doub Pwen an se yon senbòl ekstansyon ki sitye aprè Pwen Ogmantasyon an. Doub Pwen an vo mwatye valè tan premye pwen an.

Yon Blan ak yon Pwen deja vo 3 tan. Dezyèm Pwen sa ki se Doub Pwen an, vo mwatye valè tan premye pwen an genyen. Kidonk, yon Blan ak yon Doub Pwen egal 3 tan 1/2.

3- Lyezon:

Lyezon an se yon senbòl ekstansyon ki reprezante ak yon liy koub. Li pèmèt plizyè fòm nòt kapab lye ansanm pou rann valè tan son an long san okenn entèripsyon.

Lyen ekstansyon an sitye anwo oswa anba plizyè nòt ki gen menm non oswa menm wotè.

Lyezon ekstansyon

Antretan, genyen yon lòt lyen, ki rele lyen ekspresyon (koule/ legato), ki sèvi pou lye plizyè nòt ki gen diferan non ak wotè san okenn entèripsyon ant son yo.

Lyezon ekspresyon oswa legato

4- Pwen d òg:

Pwen Òg la se yon senbòl ekstansyon ki reprezante ak yon mwatye sèk ki gen yon pwen nan mitan l. Pwen Òg la eksprime yon dire siplemantè ki varyab selon entèprèt la. Se sa yo rele : «  Ad Libitum « .

Senbòl Pwen Òg la
Senbòl Pwen Òg la sou yon Blan

5- Pwen Repo:

Se yon senbòl ekstansyon ki menm jan ak Pwen Òg la men ki sitye anwo oswa yon fòm silans. Li eksprime yon dire silans siplemantè ki varyab selon entèprèt la.

Nyans/Volim:

Yon Nyans oswa Volim, se yon kalte senbòl ki endike entansite relatif yon nòt, yon fraz mizik, oswa yon pasaj antye nan yon zèv mizik ki ekri. Son yo kapab jwe trè ba, e yo kapab jwe tou trè fò. Yo pèmèt mizisyen oswa chantè yo entèprète emosyon ki genyen nan yon mòso mizik.

Se sa ki fè genyen plizyè senbòl ki eksprime nivo entansite son yo nan zèv mizik ki ekri yo. Yo sèvi ak tèm italyen yo pou dekri nyans oswa volim son yo.

Enstriman mizik:

Kredi Foto: Creole Solutions

Yon enstriman mizik se yon zouti ke moun itilize oswa fabrike pou fè son. Enstriman mizik yo se zouti espesyal ki sèvi pou jwe mizik; pou fè melodi, pou akonpanye epi pou make ritm mizik la. Òganoloji se domèn syantifik ki etidye enstriman mizik yo ak istwa yo.

Yo rele moun ki fabrike enstriman mizik yo : faktè, men atizan ki fabrike ak repare enstriman kòd yo rele : litye.

Depi lontan jouk rive jodia, yo itilize enstriman mizik yo separeman oubyen angwoup ansanm ak lòt enstriman. Yo itilize yo pou jwe mizik enstrimantal oswa pou akonpanye moun k ap chante.

Li enpòtan pou konnen genyen divès kalte enstriman mizik atravè lemonn. Yo klase tout enstriman sa yo nan jan yo pwodwi son an 4 fanmi :

1- Enstriman van:

Se yon fanmi enstriman mizik ki jwe lè moun souffle van ladan yo. Fanmi enstriman sa yo divize an 2 kategori:

1- Enstriman bwa: Chalimo, Klarinèt, Flit, Pikolo, Saksofòn, Banbou (se yon estriman van tradisyonèl Ayisyen)…

2- Enstriman Kwiv : Vaksen, Klewon oswa Twonpèt, Twonbòn, Tiba, Kòn franse.

Sepandan, genyen lòt enstriman van ki pa nan 2 kategori sa yo tankou: Siflèt, Kòn ak Kòn lanbi.

2- Enstriman kòd:

Se yon fanmi enstriman mizik ki jwe lè kòd la fwote, lè kòd la teke oswa zongle ak lè l frape. Enstriman ki fè pati fanmi sa se: Vyolon, Vyola, Vyolonsèl, Bas, Bandjo, Gita, Pyano…

3- Enstriman pèkisyon:

Se yon fanmi enstriman mizik ki fè son lè li fwape oswa bat, souke ak lè li fwote. Yo jwe ak fanmi enstriman mizik sa yo pou make ritm.

Enstriman pèkisyon ki fè son lè li fwape : Senbal, Ogan, Kata, Asòtò, Tanbou (Tanbou Marengwen, Manman Tanbou, Pitit Tanbou, Boula, Timebal, Ti-konngo, Segon: yo se enstriman pèkisyon tradisyonèl Ayisyen)…

Enstriman pèkisyon ki fè son lè li souke se : Ason, Klòch, Tchatcha (li gen yon lòt non ki se Malaka, li se yon enstriman pèkisyon tradisyonèl Ayisyen), Chekere ( li gen yon lòt non ki se Djabara, li se yon enstriman pèkisyon tradisyonèl Afriken)

Pami tout enstriman ki nan fanmi sa, se yon sèl ki fè melodi tou. Li rele: Ksilofòn.

Yon Ksilofòn

4- Enstriman elektwonik:

Se yon fanmi enstriman mizik ki pwodwi son ak sa ki rele siyal elektrik. Enstriman sa yo kapab imite ak modifye son lòt enstriman mizik yo tou. Pami yo genyen : Sentetizè, Gita elektrik, Vyolon elektrik, Kibòd (Nan lang Angle a: Keyboard) ak enstriman pèkisyon elektwonik…

Plis Konesans Sou Mizik An Kreyòl

Kontakte nou sou adrès imel nou osinon rele nou sou nimewo telefòn sa. Tanpri, fè nou jwenn komantè ak fidbak ou!

Créez un site ou un blog sur WordPress.com

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :