Ane 2020 sa make souvni 250yèm anivèsè Ludwig van Beethoven, yon gran konpozitè alman trè remakab atravè gran peryòd istwa mizik klasik oksidantal la. Men, kijan istwa lavi gran mizisyen sa te ye? Platfòm Akademizik ap envite w li an kreyòl biyografi gran mizisyen klasik sa. Ludwig van Beethoven te fèt 16 ou 17 desanm... Lire la Suite →
Poukisa yon mizisyen dwe aprann li mizik?
Toupatou nan monn lan e ann Ayiti, lekòl mizik yo ak pwofesè mizik yo toujou mete anfaz sou aprantisaj lekti mizikal. Kourikoulòm yo itilize toujou baze sou akizisyon konpetans nan lekti mizikal. Sepandan, gen anpil mizisyen k ap pèfòme mizik men ki pa akeri konpetans sa. Vrèman vre, poukisa yon mizisyen ta dwe aprann li... Lire la Suite →
Istwa lavi François Nikol Lévy an kreyòl
Chak fwa n ap pase nan Ri 18 lavil Okap pou ale sou plas Dam nan, lajounen tankou lannuit, nou toujou wè yon mesye klè, mens epi ki plen bab blanch, chita devan yon pyano; se swa l ap jwe, oubyen l ap ekri kèk bagay. Li konn byen ta : nou menm konn mande tèt... Lire la Suite →
Yon rezònman sou modèl klasik edikasyon mizikal (Pati 3)
Pwofesè, poukisa mwen dwe aprann ak pratike ansyen mizik ? Poukisa w ap anseye mizik klasik nan yon kote tankou Ayiti ? Poukisa w ta anseye mizik ki pa sòti nan kilti ayisyèn nan? 6- Kwasans teknik Modèl mizik klasik la se fason ki pi efikas nan fòme teknik mizikal. Teknik mizisyen an se baz... Lire la Suite →
Yon rezònman sou modèl klasik edikasyon mizikal (Pati 2)
Pwofesè, poukisa mwen dwe aprann ak pratike ansyen mizik ? Poukisa w ap anseye mizik klasik nan yon kote tankou Ayiti ? Poukisa w ta anseye mizik ki pa sòti nan kilti ayisyèn nan? 3- Langaj entènasyonal notasyon mizik Yo te idantifye notasyon mizik nan ansyen tras ak twouvay akeyolojik grèk yo. Foto 1: Ansyen... Lire la Suite →
Yon rezònman sou modèl klasik edikasyon mizikal (Pati 1)
Pwofesè, poukisa mwen dwe aprann ak pratike ansyen mizik ? Poukisa w ap anseye mizik klasik nan yon kote tankou Ayiti ? Poukisa w ta anseye mizik ki pa sòti nan kilti ayisyèn nan? Pwofesè ak enstitisyon yo itilize divès modèl pou bay leson mizik. Kèk pwofesè limite eksperyans elèv yo nan mizik modèn, ki... Lire la Suite →
21 jen : Dat selebrasyon Fèt Mizik
Fèt Mizik se yon gwo kokennchenn evènman kiltirèl plizyè peyi nan monn lan selebre nan dat 21 jen, ki se jou ki pi long nan ane a pou Emisfè nò a. Fèt sa a te selebre pou premye fwa nan lane 1982, nan peyi Lafrans. Se te Jack Lang, minis Kilti peyi Lafrans (1981-1986/ 1988-1992)... Lire la Suite →
Lansman ofisyèl « akademizik.net »
Akademizik, ki se yon inisyativ tou nèf plizyè etidyan ak pwofesyonèl nan domèn mizik, ap pwofite de dat 21 jen 2020 an, ki se dat konvansyonèl Fèt mizik, pou lanse ofisyèlman yon platfòm dijital ki pral mete disponib nan lang kreyòl ayisyen an, divès enfòmasyon ak konesans sou mizik. Lide inisyativ sa tanmen depi nan... Lire la Suite →